Nou la pou ou.
Yon repons rapid nan aplikasyon an, 24/7 — oswa isit la.
Kesyon yo poze.
Ki kote TaxiPoli disponib?
Pòtoprens ak zòn metwopolitèn nan pou kòmanse — Petyonvil, Delmas, Kafou, Tabarre. Lòt vil yo ap vini.
Kijan m konnen pri a?
Pri a parèt anvan ou konfime, epi li pa chanje. Sa w wè se sa w peye.
Kisa PIN nan ye?
Yon kòd 4 chif sou telefòn ou. Chofè a dwe di l pou kous la kòmanse. Se konsa ou konnen se bon chofè a — epi chofè a konnen se bon kliyan an.
Kijan m peye?
Kach nan men chofè a, kat, MonCash oswa NatCash. Yon moun nan dyaspora ka peye pou ou.
E si m gen yon pwoblèm pandan kous la?
Sipò a nan aplikasyon an, 24/7. Chak kous gen yon nimewo — nou ka retrase l.
Poli Academy.
Videyo kout ak kesyon, yon nòt, yon sètifika. Fòmasyon chofè yo se pou chofè TaxiPoli ki konekte; kliyan yo gen ti kou pa yo nan aplikasyon an, nan Aktivite.
Fòmasyon chofèPale ak nou.
Nan aplikasyon an
Kont → Sipò. Chak kous gen yon nimewo, nou wè l tou.
Imèl
taxipoli.ht@gmail.com — nou reponn nan 24 è.
Ranbousman
Yon pwoblèm sou yon kous? Ranbousman imedya sou balans ou, oswa sou metòd ou te peye a.
Verifye yon sètifika.
Chak sètifika Poli Academy gen yon nimewo. Antre l pou w wè si l bon, pou kiyès, pou ki fòmasyon.
Verifye yon sètifika