Yon rezo chofè, pou chofè.
TaxiPoli se chofè yo ak biznis yo ki fè l e ki jere l. Nou se patwon tèt nou — ak règ ki pwoteje tout moun. Ekip TaxiPoli a la pou ede w 24/7.
Se yo ki rezo a.
Chak chofè TaxiPoli se yon travayè endepandan, fòme, verifye, ak yon nòt kliyan yo ba li. Rezo a mete règ yo; chofè yo respekte yo paske se règ pa yo.
Restoran, boutik, famasi, makèt.
Biznis nan zòn nan vann sou PoliMart, jere ak PoliMart Business, epi livre ak chofè rezo a. Menm règ, menm kòd.
Règ rezo a.
- 1
Sekirite anvan tout bagay
Yon kòd nan chak etap, chofè idantifye, kous swiv. Pou kliyan an, pou chofè a.
- 2
Respè nan de sans
Chofè a respekte kliyan an; kliyan an respekte chofè a. Nòt yo mache nan de sans tou.
- 3
Transparans
Pri a anvan, resi apre, pousantaj rezo a ekri klè.
- 4
Ayiti dabò
Fèt an Ayiti, an kreyòl, pou moun k ap viv isit ak fanmi yo lòt bò.
TaxiPoli · TaxiPoli Chofè · PoliMart · PoliMart Business · Poli Academy
Senk pòt, yon sèl rezo — chofè yo, biznis yo, kliyan yo. Kreyolab LLC pote teknoloji a; rezo a se moun yo.
Kontakte rezo a